Monchè, mwen te nan avyon lotre jou chaje ak Ayisyen, sòt Potoprens pou rive Nou Yòk. Jou sa te gen anpil van. Lè avyon rive nan yon gwo altitid, bagay la konmanse souke. Moun tonbe rele amwe ap priye bondye. Tout moun pe, tout moun tris. Mwen rele AYIBOBO...epi tout moun fache!