Gen yon pwovèb lakay nou ki di: "Chen ki jape ya, se pa toujou li menm ki mòde!" Semèn sa yo peyi ya an boulvès akoz de yon ensidan ant chofè yon depite a'k lapolis Sèvis Sikilasyon. Kijan sa te pase?
Lapolis te entèsepte chofè sa-a a'k yon revolvè nan senti'l. Lè yo mande misye pèmi'l pou zam nan, li pa't k'a prezante'l. Yo arete misye, epi bagay la te gentan rive jis devan komisè. Pidevan, depite entèvni pou'l te di zam nan se te pouli'l te ye. La tou koze ya te fini. Men yo di gen menas depite ya te fè sou moun ki te arete chofè'l la, ki se ti fanmi'l tou.
Yon tan apre, youn nan polis ki te arete chofè ya te nan machin li nan Matisan li ta'p antre lakay li. Yo te fè misye tounen paswa a'k katouch. Sa'w tande ya, yo di se depite ya ki touye misye. Tansyon! Akizasyon! depite ya kouri nan radyo pou'l defann li. Polis debake devan radyo-a, yo tire, yo krible machin depite ya a'k bal. Se Premye Minis la ki te oblije kouri ale nan radyo-a pou depite ya pa't pèdi lavi'l.
Nan lespri pa'm, sanble mesye ki rele tèt yo ansyen militè yo itilize ensidan sa-a pou diskredite Chanm Depite ya. Mwen panse se yon pis pou yo envestige anpil nan ankèt la. Preske tout zak banditis, briganday a'k ansasinay nou wè nan peyi-a, se mesye sa yo ki reskonsab yo.
"Chen ki jape ya se pa toujou li menm ki mòde!" Mwen panse Janklod Divalye tranpe jis nan kou nan zak vagabonday sa yo! Yon jwenn kadav youn nan bandi ki te nan tire a'k polis ki mouri ya nan yon mòg. Si ankèt sa-a pa abouti pou non kon'n tout verite, ma'p di Ayiti lanmèd! M'a fout a'l viv Sendomeng!
Eske nou konnen se Mateli ki voye manje bay bandi sa yo?
Chen ki jape… |
|||||||||||||||
|
|||||||||||||||
‹‹ Nouvèl Cho!
Krik? ››

