Blag: Yon nèg ki apèn fin marye ak madanm li, chak lèl pral travay li rale 1000 goud, li kanpe devan yon miwa, li di fi a "Wè 1000 goud ki nan miwa la pouw fè manje, sak nan menm nan pou m al travay."
Li fè 3 jou ap fè sa. Sou 4èm jou a, fanm nan fin benyen, li parèt devan miwa-a ak devan'l bien bonbe. Li di "Wè Bouboune ki nan miwa a pou ou, sak devanm nan pou vwazen-an ki tap banm manje pandan 3 jou a......."
Yon manman mouri li kite yon kay a etaj pou de pitit gason'l. Pigran ki pi aslè di pipiti-a: "Pran anba-a! Se pou ou li ye, ou gen dwa fè sa'w vle avè'l. Mwen menm mwen pran anlè ya, menm jan-an tou mwen gendwa fè sa'm vle avè'l." Pipiti ya di oke!
Apre twa semèn pigran frè ya monte yon etaj sou tèt anlè ya. Yon mwa pita, misye a'p monte poto pou'l mete yon katriyèm etaj. Tifrè ya a'l ko't misye. Misye di tifrè ya: "Mwen te di'w ou gen dwa fè sa'w vle a'k anba-a ki pa'w la, menm jan mwen gendwa fè sa'm vle tou a'k anlè ya, pavre?" Tifrè ya di: "Wi, se vre! Menm kanmenm mwen te vin di'w nan 3 semèn ma'p kraze anba-a!"
Genyen yon Pastè ki tap preche lan yon legliz, konsa pastè ap parèt sou chè a li di: genyen anpil ti medam andedan legliz lè yo
vini legliz se kò yo yo vini kale, te genyen yon granmoun andedan legliz
la li di BAYO PASTÈ, pastè a di genyen anpil moun andedan legilz ki
chita ap jwe bolèt, granmoun lan di BAYO PASTÈ, pastè a di genyen
anpil ti granmoun andedan legliz la kap pran tabak nan tounen yo, granmoum di jan ou te komanse byen an fòk ou ta fini mal
Madanm Negnwe gen yon chat, men misye pa vle wè chat la. Yon jou li mete chat la nan machinn li epi li pran aywe . Apre yon bon 30 minit, NegNwe lage chat la atè. Lè NegNwe tounen lakay li, premye moun ki di’l bonjou se chat la.
NegNwe nève! Je’l vin wouj! Nan demen li pran chat la, li monte yon diferan aywe pou plis pase inèdtan, epi li lage chat atè ankò. Lè NegNwe tounen lakay li, chat la kanpe devan papòt la a’p tann misye. Wouy! NegNwe pi anraje!
Yon twazyèm fwa NegNwe fèmen chat la nan kòf machinn li. Misye monte aywe li desan aywe! Antre nan ekzit, vire adwat, vire agoch. Lè NegNwe rive nan yon peyi pèdi, li ouvè kòf machine nan li lage chat la epi li pran wout pou’l tounen lakay li.
Apre yon tan NegNwe rele madanm li: “Cheri, ou wè chat la?” Madanm nan reponn: “Wi! Chat la fè’k rive la-a! Kisa’k genyen?” NegNwe di: “Ban’m pale a’k salopri ya nan telefòn nan paske mwen pèdi!”