Mwen pa konnen si Klodèt vivan toujou. Si'l vivan li granmoun anpil jounen jodi-a. Malere Tipyè menm, podyab se yon bagay ki tris. Mesye divalyeris yo ta'p fè yon mitin yon lè, epi se Tipyè yo te fè vin'n jwe pou yo. Se te de sa malere-a te kon'n viv, li aksepte a'l jwe pou nèg yo. Rive yon lè nan nwit lan, atoufè sèke kote fèt la ta'p fèt la, epi yo mete dife nan katkwen. (Menm si nou wè Tipyè a'k mont nan ponyè li, se yon Djojack tou wi li ye.) Tout divalyeris kraze rak. Malere Tipyè pa'ka kouri ni anwo ni anba paske li te avèg. Misye peri nan flanm yo. Sèl li menm sèlman ki te peri. Pa jan'm gen pèsonn ki mande jistis pou li!

i know its the truth but that's rather morbid to read on a day when birth is being celebrated