NOU PAP SA BLYE Nou sonje, nou pap sa blye. Jou nou te di nou pral jwe mizik peyi-nou, jwe mizik Vodou. Nou tout te santi nou fe younn ak tout lot fre nou yo kap viv kilti nou. Nou tout te santi nou Ayisyen.
Le-sa, nou pap sa blye. Jou nou te di nou pral jwe mizik peyi-nou, jwe mizik lakou. Nou tout te santi nou kontan. Nou pap sa blye.
Petwo, Kongo, Rada, Ibo, Nago; Zanset nou yo te la, Ayibobo! Jou sa nou jwe jouk le sole'y leve. Jou sa nou pran konsians.
Jou-sa nou pap sa blye. Gen anpil moun ki te wont pou nou, Yo tap di se mizik lougawou, men nou konnen se manti.
Nou pap sa blye jou sila, se jou sa nou te libere. Nou pap sa blye premie fwa; Eksperyans Boukman te tou la. Nou pap sa blye premie fwa nou tap jwe Vodou.
WE WON'T FORGET We remember, We won't forget the day we said we were going to play the music of our country, to play the music of Vodou. We felt that we became one with all our brothers experiencing this culture. We truly felt Haitian. That day, we won't forget the day we said we were going to play the music of our country, the music of the courtyards. We were all so happy; we're not going to forget it.
Petro, Congo, Rada, Ibo, Nago; Our ancestors were there, Ayibobo. That day we played until the sun came up, that day we understood. There were many who were ashamed of us, they said we were playing the devil's music. But we all know it is a lie.
We won't forget that day. The day we were liberated. We won't forget that first time; Boukman Eksperyans was there. We won't forget that day; the first day we played our Vodou music.
BOUKMAN EXSPERYANS " Vodou Adjae" Grammy Nominated Album
kreyolbro@aol.com
|